Canalblog
Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

HERVE DESIR

16 mars 2005

Si chak Ayisyen te ka fe selman yon ti sakrifis,

Pou yo sispan jete FATRA nan lari:

Peyi nou an te ka bel tankou tout lot peyi, pou atire touris vini vizite-l, sa tap redwi grangou ak la mizè. Depi genyen touris genyen lajan vèt, tablo ap vann, hotel ap fè lajan, tout moun ap gen lespwa.

Nap viv an sante tou, pap genyen maladi,  pap genyen anpil mikwob nan manje epi nap pibel. Nou pa konstate jan yon moun bèl, lel li soti non yon peyi etranje. Lè konsa, se pa lajan non li genyen men se la pwopte ki sou li.

E si nou goumen kont ensekirite:

Tout bizisman ap anvi vivi envesti nan peyi nou an paske nou se yon pèp ki konnen travay anpil. Ayisyen kon travay tankou bèt wi mezanmi, mwen pa bezwen di nou si li jwen travay kòman li ap fè.
E si nou sispan koupe pyebwa:
Nou pap genyen gwo malè sou tèt nou ankô, tankou sa ki sòt rive Gonayiv-la, Peyi nou ap vini bèl tankou lontan, tou vèt, se yap yon paradi. Nou ap vini gen bèl po, frechè ap fe nou vini bèl tankou moun lontan yo.

E si nou youn sipote lòt:

Lavi ap pi bèl, pap gen yingyang, chen manje chen, nap viv tankou frè ak sè, epi fòs nou ap vin pi gran de jou an jou.

Se pa anyen non ki lakoz ke nou konsa, se selman ti problèm sa yo wi.


An nou fè yon ti reflechi non e aprè nap banm nouvel.

NOU PAP JETE FATRA NAN LARI-A ANKO, NOU PAP KOUPE PYEBWA,
NOU AP PRAN KONSYANS
POU NOU METE SEKIRITE NAN PEYI, NOU YOUN AP EDE LOT. EPI...

HERVE DESIR
email:
hdesir2000@yahoo.com
hdesir@voila.fr
marco_herve@caramail.com
marcony@37.com
marcoherve@hotmail.com
web page:
www.hervedesir.site.voila.fr


Publicité
Publicité
HERVE DESIR
Publicité
Publicité